Entwodiksyon

Gid pwodiksyon pyebwa

Nou wè anviwonman peyi Dayiti Toma a kontinye ap degrade chak jou pi plis, se poutèt sa nou vle atire atansyon tout moun ki vle lite nan konbit pwoteksyon anviwonman an, nan pote patisipasyon yo jan yo kapab, pou ede sove 2% pyebwa ki rete sou mòn yo epi pou pwodwi, plante ak kiltive lòt pyebwa, fwitye kòm forestye.

Se nan menm lide sa a, nou prezante gid la bay kòlèg ki pral sèvi avè l nan seyans fòmasyon ak nan ankadre peyizan yo. Konsèy ki ladan l yo kapab ede tout moun ki nan domèn agrikòl: jèn pwo-fesyonèl yo ki nan fakilte, mesye dam teknisyen yo, pepinyeris yo ak tout moun ki ta vle pwodwi plantil pou kont yo.

Liv sa a, se premye volim nan yon gid pratik sou pwodiksyon pye-bwa. Li ekri nan entansyon pou ede devlope pwogram agwosilvo-pastoral la, epi nap wè tou nan ki fason nou pral kolabore ak peyizan yo nan zafè kilti pyebwa a. Premye volim sa a kòmanse nan pataje lide ak eksperyans, soti depi nan chwazi anplasman
pou fè pepinyè pou abouti nan teknik ak prekosyon nou bezwen pran lè nap fè semi.

Nou prezante premye volim Tòm 1 sila a ki gen 4 chapit ak yon anèks ladan l, kòm yon avangou pou ede nan chache mwayen pou rive konbat degradasyon anvironman an. Konsa, nou swete epi nou espere resevwa tout sijesyon ak rekòmandasyon sè ak frè agwo-nòm, teknisyen nou yo pou yon dezyèm edisyon revize, korije.

Nou pa dwe janm bliye: "Pyebwa jwe gwo wòl nan pwoteksyon anvironman an, nan ekonomi peyizan yo, nan ekonomi peyi a ak pou avni pitit nou yo". Se poutèt sa nou dwe rive abiye mòn nou yo ankò jan slogan di l la:

«M ap plante, w ap plante, mòn yo abiye tou vèt»

guide "Gid pwodiksyon pyebwa"
"GID PWODIKSYON PYEBWA"
Tome 1,
Dépôt légal: 07-03-087
Bibliothèque Nationale d'Haïti
logo AVSI
logo iila
Le manuel a été subventionné par AVSI / iila

Faute de moyens et pressés par le temps, les bailleurs de fond vont imprimer et distribuer une version préparatoire du 2e tome au lieu de la version finale. Ma conscience professionnelle et morale m'oblige à retirer mon nom du 2e tome car l'ouvrage aurait dû contenir plus d'images, des tabelles, index et des textes corrigés que nous n'avons pas pu élaborer avec les auteurs. Ce n'est pas dans mes moeurs de donner un ouvrage à moitié achevé à l’imprimerie. L'envie nous poursuivra d'élaborer un guide digne de ce nom.

back

home | livres | logo | 3D | co-de-sign | corinne | contact | link | sitemap